Chilonit…
Se pa yon non, se yon bezwen
Depi nan sant la mwen pran sant lanmou
🎤 Couplet 1
Depi nan sant fòmasyon m pran sant ou
Sant fòmasyon, men se sant ou
M te vin fò, men fò se fòm
Fòm ren w fè kè m defòme
M di m ap reziste, rezi ste
Men rezi ste kè m deja pran
Ou fè m kanpe dwat, kan pe dwèt
Dwèt ou sou po m fè m tranble
Ou pa bal, men ou balanse m
Balanse ranch ou fè m pèdi sans
M te gen disiplin, disi plin
Men disi w plin lanmou m plen
Chilonit…
Ou pa nite, ou bezwen
Be zwen w kole nan venn mwen
🎶 Refrain
Chilonit…
Pran m kòm kado
Degiste m kòm gato
Men m vle gato w tou
Chilonit…
Ann fon ti vwayaj sou bato
Ba to kè m chalè
Sou lanmè kò w m ap navige
🎤 Couplet 2
Ou fè m swe, swe sa pa pè
Se chalè po w ki fè m cho
Cho m chwazi w chak swa
Chak swa se chwa mwen pou ou
Ou di “pwoche”, m po che
Po chè sa gen pri, men m peye
M peye ak souf mwen sou kou w
Sou kou sa m ta rete pou tout tan
M malad ou, mal adousi
Mal a dou lè w di m “vin pre”
Vin pre m, prè m pèdi tèt
Tèt mwen vire chak fwa w mache
Chilonit…
Ou pa jis yon nwit
Se chi lo nanm mwen ki tache
Tache m ak ou, m pa vle lage
🎶 Bridge (baz, sensual)
Pran m kòm kado, louvri m dousman
Degiste m kòm gato, san prese non
M vle gato w, pa fè m tann
Paske grangou lanmou m pa jwe non
Nap fon ti vwayaj sou bato
Sou vag lanmou, dous tankou dlo
Si lanmou se peche
M pare pou nwaye nan do w
Comments (0)